file 00000000e6c481f58bc9cd97c448d7b0
File 00000000e6c481f58bc9cd97c448d7b0 1024x576


Eske w panse li posib, pou nou retrase orijin ayisyen rive jouk nan labib?
Menm si n pata rive lwen, nou ta rive nan peryòd delij la, aprè BonDye te finn sove Noye ak fanmi li.

Noye te gen 3 pitit gason : Sèm, Kam, ak Jafè. Se sa nou jwenn nan jenèz 6 vèsè 10.

Gran chèchè, istoryen sekilye ak akeyològ konnen se Kam ki zansèt moun nwa.
Men pitit gason Kam yo : Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran. Se sa nou jwenn nan Jenèz 10 vèsè 6. Gran tewolojyen, pastè ak doktè lalwa konnen ke genyen yon madichon Noye te lage sou do Kanaran.

Kòm kwa dire, madichon sa a, pa ta sou do lot twa pitit Kam yo ; Kouch, Mizrayim ak Pout.

Kouch li menm, se papa Nimwod, gran chasè devan Letènel. Se sa nou jwenn nan jenèz 10 vèsè 9. Ta sanble Nimwod se te chèf nan laplèn chineya a, yon sivilizasyon ki soti epok Babèl pou rive epòk Babilòn nan mezopotami ansyen.
Mizrayim li menm, anpil tantativ fèt pou konekte li avek sivilizasyon ejipsyen kite domine mond lan, ti mesye piramid yo.

Kanta pou mouche Pout, yo pa twò pale de li. Men labib kite tras ki ta ka entèprete kom kwa desandan Pout yo ta yon sivilizasyon gèrye, epi ki sèvi kòm mèsenè nan konba. Se sa nou jwenn nan Ezekyèl 27 vèsè 10.

Akeyològ ak Istoryen tonbe chache Pout, fè fouy cheche nan teks ansyen, teks sakre…
Yo dekouvri ke pitit Pout yo te fè wout Afrik de lwes pou yo etabli yo, epi drese divès sivilizasyon.

Nan fen 15e syèk, kolonizasyon tanmen
Epi nan kòmansman ane 1500 yo, yo komanse al chache nwa nan zòn afrik de lwes la pou vin nan karayib la.

Bon, soti 1791 pou rive 1804,
bwakale jeneralize nan la koloni,
sa w tande a, Du sol soyons seul maître…
Epi res la se istwa

Enben si Ayisyen se desandan pèp afriken tankou : Dawome, Bakongo, Igbo ak divès lòt pèp ki sot nan ginen ak nan lòt zòn nan afrik delwès la…
E si se vre pèp sa yo se sivilizasyon ki sot nan pitit Pout yo,


Enben, si de kondisyon sa yo verifye nou ka retrase pèp ayisyen an rive nan labib, jouk nan Pout, twazyèm pitit Kam, pitit Noye.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *